ENFÒMASYON - PWOGRAM REYINIFIKASYON FAMILYAL

KISA PWOGRAM SA YE?
Pwogram reyinifikasyon familyal la, se yon pwogram Leta chilyen mete sou pye ki kòmanse 2 jiyè 2018 la. Se yon pwogram kap pèmet sitwayen ayisyen kap viv Chili- ki gen rezidans - fè fanmi pwòch yo ki Ayiti benefisye yon viza tanporè (viza imanitè) pou vin viv avèk yo isit nan peyi Chili.
Leta peyi Chili jere pwogram sa ak kolaborasyon biwo OIM nan peyi Chili ak biwo OIM nan peyi Dayiti.
KIYÈS MOUN KI KA PATISIPE NAN PWOGRAM SA?
Moun ki ka patisipe nan pwogram sa, se moun ki marye, moun kap viv ansanm ki pa marye men ki gen pitit, timoun ki gen pi piti pase 18 an (Minè), pitit kap etidye ki pa gen plis ke 24 an.
MEN KI ENFÒMASYON OU DWE KONNEN SIW ENTÈRESE AK PWOGRAM SA A:
1.- Demann viza reyinifikasyon familyal.
Pou demann sa fèt, ayisyen kap viv Chili a, ki gen rezidans isit Chili, dwe fè yon lèt ki pase kay Notè men model la Model. Ayisyen sa a, ka fè demann reyinifikasyon familyal la pou mari, pou madanm, pou timoun ki gen pi piti pase 18 an (Minè), pitit kap etidye ki gen ant 18 ak 24 an.
2.-Prèv ki montre moun ki mande viza reyinifikasyon familyal la gen rezidans Chili.
Ayisyen kap viv Chili a, dwe bay prèv ke li rezide nan peyi Chili. Li ka montre sa ak dokiman Depatman Extranjeria Ministè Enteryè peyi Chili ba li a. Dokiman wap bezwen yose yon paspò ki gen viza rezidans tanporè a, ki gen pou pi piti sis (6) mwa depi paspò a fèt, oswa yon Sètifika ki diw gen rezidans pèmanan. Nan tou lè de ka yo, kat idantite pou etranje ou genyen an dwe a jou, li pa dwe espire. Dokiman sa yo dwe pase kay Notè epi dwe fè pati demann viza a.
3.- Prèv ki montre ou se fanmi moun ki mande viza reyinifikasyon familyal la ki rezide Chili a.
Moun ki Ayiti a dwe bay prèv ki montre li se fanmi moun ki Chili a, ki mande viza reyinifikasyon familyal la. Ou kapab montre relasyonw ak moun nan ak yon Sètifika maryaj, oswa Batistè pitit fi/oswa pitit gason ki sòti nan BIWO LETA AYISYEN ki gen otorite pou sa (Direksyon Jeneral Achiv Nasyonal). Dokiman sa yo dwe legalize nan Ministè Lajistis ak nan Ministè Afè Etranjè peyi Dayiti. Dokiman sa yo dwe gen pou pi piti 90 jou depi yo fèt, sòti depi jou yo te legalize nan Ministè Afè Etranjè peyi Dayiti a.
4.-Dokiman fanmi moun kap mande viza a.
Moun ki Ayiti a dwe gen yon paspò ki valab pou pi piti venn kat (24) mwa.
5. -Kazye Jidisyè.
Moun ki Ayiti a, ki majè (ki gen plis pase 18 an) dwe remèt yon Sètifika Kazye Jidisyè ki sòti nan Direksyon Santral Lapolis Jidisyè, ki legalize nan Ministè Afè Etranjè peyi Dayiti.
6.-Sètifika Medikal.
Moun ki Ayiti kap mande viza a dwe remèt yon Sètifika Medikal ki konfime li pa gen maladi enfeksyon oswa kontajye. Sètifika sa dwe legalize nan Ministè Sante Piblik ak Ministè Afè Etranjè peyi Dayiti.
7.- Pri viza reyinifikasyon familyal la
Leta peyi Chili fikse pri viza sa a: US$ 25(Vennseng dola ameriken). Apre kòb sa, OIM kapab mandew yon lòt kòb pou sèvis sa a.
8.-Viza reyinifikasyon familyal pou ayisyen ki gen rezidans Chili a, se sèl Otorite Konsila peyi Chili nan peyi Dayiti ki kapab bay li (al gade site sa a https://haiti.iom.int/cavc/ht

REUNIFICACIÓN FAMILIAR

Costo de la visa de reunión familiar. De acuerdo con el Marco de Visa2018. En vigor (VISRETI / VISREDE), el costo de esta visa será de US $ 25 (veinticinco dólares). Para Para mayores de 16 años, se emitirá un VISRETI y para aquellos que tengan menos de 16 años. años, un VISREDE. Además de esta cantidad, una cantidad adicional serán recogidos por la OIM. Este importe corresponderá a los gastos de servicio solicitados por el solicitantes de visa
Solicitud de la Visa de Reunificación Familiar. Esta solicitud requiere una "Carta de Solicitud de reagrupación familiar "notarial del nacional haitiano. (modelo disponible a continuación: Modelo) Residente en Chile, por su cónyuge, su pareja. Compañero (AUC en Chile), menores de edad y niños entre 18 y 24 años. Habrá que certificar sus estudios.
Acreditación de la Residencia en Chile del solicitante de Visa de Reunificación Familia. El ciudadano haitiano residente que reside en Chile debe certificar su condición de residente con los documentos expedidos por el Departamento de Inmigración del Ministerio de Interior y Seguridad Pública (DEM). La documentación requerida es el sello de la residencia temporal aplicada en el pasaporte, con una validez mínima de 6 meses o la Certificado de residencia permanente. En ambos casos, el documento de identidad extranjero debe ser válida. Esta documentación debe estar certificada por un notario público y se deberá agregar a la solicitud.
Acreditación del vínculo familiar con el residente en Chile. Acreditación del vínculo familiar. debe llevarse a cabo mediante un certificado de matrimonio y / o nacimiento del hijo o hija, expedido Por la autoridad correspondiente en Haití (Archivos Nacionales). Los documentos deben ser Legalizado por los Ministerios de Justicia y Relaciones Exteriores de Haití. Estos documentos Debe ser válido por al menos 90 días a partir de la fecha de legalización. por el Ministerio de Relaciones Exteriores de Haití.
Documentación de la familia del solicitante. La gente tendrá que tener un pasaporte. válido por al menos veinticuatro (24) meses.
Registro. Los adultos (mayores de 18 años) deberán presentar un Certificado. de sus Registros Judiciales emitidos por la Dirección Central de la Policía Judicial, legalizados por El Ministerio de Relaciones Exteriores de Haití.
Certificado sanitario Los solicitantes de visa deberán presentar un certificado de salud que Confirma que no tienen enfermedades infecciosas o contagiosas. Este certificado debe ser Legalizado con el Ministerio de Salud y el Ministerio de Relaciones Exteriores de Haití.
La visa de reunificación familiar para nacionales haitianos residentes en Chile, solo será expedido por la Autoridad Consular de Chile en Haití. (Ver el sitio web de la OIM: https://haiti.iom.int/cavc/)