SEKSYON KONSILÈ
MEN YON SERI MEZI OU DWE LI AVAN W PRAN YON RANDEVOU NAN SEKSYON KONSILÈ ANBASAD AYITI NAN CHILI A:
- Randevou yo aktive chak premye jou nan mwa pou rive dènye jou nan mwa;
 - Nan mwa ou gen randevou a se nan menm mwa sa pou w al peye nan bank lan. Si resi bank ou an gen yon lòt mwa sou li, li pa valid;
- Se nan Banco de Chile sèlman pou w ale peye sèvis ou bezwen an.
 - Anbasad la pa pran kòb kach.
 - Anbasad la pa vann resi bank.
 
 - Chak konpatriyòt ki vle pran yon sèvis dwe pran randevou sou sit entènèt Anbasad la;
 
- Ou bezwen yon randevou pou chak sèvis;
 - Si yon fanmi gen plizyè moun, chak moun dwe gen pwòp randevou pa yo, sou non yo;
 - Si non w pa sou fich woz bank lan, Anbasad la pap resevwa l. Si menm nimewo ki sou fich blan pa sou fich woz, li pa valid;
- N ap ankouraje chak konpatriyòt kreye yon imèl pou fasilite enpresyon konfimasyon randevou a men, si konpatriyòt la pa ta gen imèl tou l ap kapab vini avèk yon foto konfimasyon randevou a sou telefòn li.
 
 
NB: Randevou pou Demand Maryaj, Viza ak Laisser Passer Disponib Chak Jou.
