Réunion soutenue à l’Ambassade d’Haïti à Washington

Nan sousi pou jwenn yon solisyon ki ka ede Ayisyen k ap viv Chili yo jwenn paspò yo nan yon dèle ki pi kout, Anbasadè Wedlyne FRANÇOIS rankontre Anbasadè Ayiti nan Washington nan, S.E. M. Bocchit EDMOND ak yon delegasyon ki gen nan tèt li Direktè Jeneral Ministè Afè Etranjè a, M. Sam BEAUSOLEIL, Direktris Afè konsilè menm Ministè sa a, Mme Sterline CIVIL ak yon konseye nan Anbasad la, Mme Garly JOSEPH.
Anbasadè a te tou pwofite fè ti pale ak seksyon ki enprime paspò yo nan misyon sa epi esplike nesesite ki genyen pou konpatriyòt nou yo gen paspò yo valid, yon fason pou yo ka reponn ak egzijans migratwa peyi Chili fè yo.