Nan sousi pou Anbasad Ayiti nan Chili

#LATEPOST

Nan sousi pou Anbasad Ayiti nan Chili a pote sekou bay konpatriyòt k ap viv lwen yo, l ap lanse yon pwogram ki pote non « ANBASAD LA VI N PI PRE W ».

Pwogram sila ap chita sou yon seri konsila mobil ekip Anbasad la ap òganize pou rive ede Ayisyen k ap viv lwen kapital la fè dokiman yo san yo pa bezwen deplase.

Premye konsila mobil la ap fèt Jorge Montt 065, Junta Vecino # 8, Playa Norte, Sector Norte, Punta Arenas, 5 ak 6 me 2021. Konpatriyòt nou yo ap gen posiblite fè paspò, anprent ak tout lòt sétifika konsilè yo.

Si w rete lwen epi nan zòn ou an gen anpil moun ki swete fè dokiman yo, ekri Anbasad la pou l ka vi n pi prè w.

Yonn nan objektif nou se ba w pi bon sèvis chak jou, se avèk anpil plezi n ap rive lakay ou.