L’ambassadrice haïtienne accréditée au Chili rend hommage aux athlètes de la délégation haïtienne !

Soti 20 oktòb pou rive 5 novanm 2023, Ayiti te patisipe nan jwèt Panameriken Santiago 2023 ki te fèt nan Santiago, Chili. Pami 41 peyi ki te angaje nan 38 espò ak 57 disiplin, atlèt ayisyen yo te prezan nan 8 disiplin epi yo rive ganye twa meday, (2 bwonz nan boksè ak taekwondo, ak 1 ajan nan taekwondo). 

Anbasadè Wedlyne FRANÇOIS PIERRE akonpaye ak yon ekip nan Anbasad la, te asiste plizyè match, te vizite delegasyon an nan Vilaj Olympic la epi fèmen sejou a ak yon resepsyon spesyal pou selebre ak rekonèt bèl pèfòmans atlèt yo. Nan diskou Anbasadè a, li yransmèt felisitasyon gouvènman ayisyen an bay Komite Olenpik ayisyen an ak atlèt yo, li eksprime rekonesans li ak rekonesans li, epi li bay manm delegasyon an plak onè ak merit.